Prezidan tyè sena a Joseph Lambert anonse jounen madi 2 fevriye 2021 an ke chita pale ki pote non « Grand dialogue national » la ranvwaye.
Joseph Lambert anonse nouvèl sila nan yon twit san li pa di ki jou lap fèt, chita pale sila ke li te rele « Grand dialogue national » te gen pou mete chita ansanm nan Laboul 12 pandan 2 jou mèkredi ak jedi 4 fevriye 2021 an aktè politik yo nan yon objektif pou jwenn yon antant pou soti peyi a nan kriz li ye a.
Yon chita pale ke pi fò manm ki nan opozisyon an pat bay okenn enpòtans, manm sila yo fè konnen li twò ta, se pouvwa a pou prezidan an kite avan 7 fevriye 2021.