AYITI/KIDNAPIN: ANPLWAYE ONA 17 YO LEVE KANPE POU MANDE LIBERASYON YON KÒLÈG YO KE BANDI KIDNAPE.

Byen bonè maten mèkredi 3 fevriye 2021 an anplwaye ONA ki nan Dèlma 17 yo bloke otowout Dèlma a nan nivo Kafou awopò pou mande liberasyon kòlèg yo Emmanuel Thermezy ke bandi kidnape nan lanwit madi 2 fevriye 2021 an.

Bandi yo kidnape anplwaye a nan blòk Dèlma 19 selon enfòmasyon yo touswit apre leve grèv de (2) jou sendika transpò a te fè pou mande otorite yo pran responsabilite yo nan zak kidnapin nan ak ensekirite a kap vale teren chak Bondye mete.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …