LEMOND/ESPÒ:UEFA SANKSYONE GADYEN 26 LANE PEYI KAMEWOUN NAN POU 12 MWA.

Gadyen Ajax Amsterdam André Onana ap  kanpe  jwe pou 12 mwa se yon desisyon UEFA pran pou vyolasyon nan yon regleman antidopage kont li selon sa club lan ekri sou sit entènèt li vandredi 5 fevriye 2021 an.

Club Niyèlandè a fè konnen André Onana pat santi li byen  30 oktòb pase  an li te vle pran yon konprime pou soulaje li malerezman se yon konprime Lasimic  medsen te bay madam li kote gadyen Kamewounè te bwè li pa erè .

UEFA pran desiyon an apre yon kontwòl  deyò kompetisyon an 30 oktòb pase an nan pipi gadyen yo te jwenn prodwi « furosémide « ladann.

Kamewounè André  Onana gen plis chans pou li apsan nan semen kap monte an epi kont  LOSC nan 16 èm final lig Europa 18 ak 25 fevriye an.

Angeline Michel

Kredi foto :equipe.fr

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …