AYITI/KIDNAPIN: APRE 3 MOUVMAN LEVE KANPE, ANPLWAYE ONA KE BANDI TE KIDNAPE A JWENN LIBERASYON LI.

Emmanuel Thermezy ke bandi te kidnape nan lannwit madi 2 fevriye 2021 an nan blòk Dèlma 19 tou swit apre grèv sendika transpò a tap fè kont kidnapin ak ensekirite a jwenn liberasyon li.

Thermezy se yon anplwaye ONA, se sa ki ta pral leve plim sou do anplwaye yo nan enstitisyon sila nan tout kwen, prèske tout anèks yo te leve kanpe pou mande liberasyon kòlèg yo san pèdi tan, youn nan koz ki ta pral pouse anplwaye a jwenn liberasyon li nan lannwit samdi 5 fevriye 2021 an, selon sa kèk pwòch li fè konnen yo ta peye yon ranson pou libere li malgre presyon lari a.

Yon nouvèl ki soulanje fanmi li ak kòlèg travay li yo ki pase twa (3) jou nan lari a pou te mande liberasyon sila.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …