AYITI/SEKIRITE: TWA BANDI JWENN A ZO GRANN YO NAN TWOKE KÒN AK LAPOLIS.

Nan yon twoke kòn ak lapolis jounen madi 9 fevriye 2021 an nan zòn « parc kalako ki chita kò li nan komin Okay twa bandi tonbe.

Camelot, Peyicho ak Didy se non twa (3) bandi sa yo ki rive tonbe nan tire ak lapolis ki te gen avèk yo komisè gouvènman Okay la Ronald Richemond, selon enfo nou rive jwenn yon sitwayen nan zòn nan blese anba bal, lapolis sezi kat (4) zam, bandi sa yo fè pati yon gwoup bandi kap taye banda zòn « fond fred ».

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …