AYITI/JISTIS: MOUN KI AKIZE NAN KOUDETA YO TRANSFERE NAN PRIZON SIVIL KWADÈBOUKÈ.

Moun lapolis te arete dimanch 7 fevriye 2021 an nan abitasyon « Petit bois » ki chita kò li nan komin taba tranfere nan prizon sivil Kwadèboukè a.

Moun sa yo akize nan ’yon plan koudeta pou te chavire Jovenel Moïse sou pouvwa a dimanch pase a, pami moun sa yo nou jwenn jij kou kasasyon Yvickel Dabrésil, enspektris jeneral lapolis la Marie Louise Gauthier, doktè Marie Antoinette Gauthier, agwonòm Loulou Buteau pou site non sa yo ak 13 lòt kite direksyon jeneral polis jidisyè a kote yo tap reflechi depi 7 fevriye pou ale nan prizon malgre anpil bouch louvri pou mande liberasyon moun sa yo espesyalman jij Dabrésil.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …