AYITI/POLITIK: JOVENEL MOÏSE METE PYE LI ATÈ NAN VIL GONAYIV KI KONSIDERE KÒM FYÈF YOURI LATORTUE.

Apre prezidan repiblik la Jovenel Moïse fin pase 3 jou nan kanaval nasyonal la nan vil Pòdepè li fè yon vizit nan vil Gonayiv jounen mèkredi 17 fevriye 2021 an.

Pandan vizit sa Jovenel Moïse mache a pye nan vil la sou gwo bwavo popilasyon an ki tap mache avèk li sou gwo dispozitif sekirite, li tal vizite yon santral eletrik nan vil la epi pwomèt moun yo ke lap fè tout sa li konnen pou li mete kouran nan vil la 24/24, li te tou pwofite voye ti pwent sou opozisyon an, kote li mande moun yo pou yo pa okipe yo, el fèl konnen manda li ap fini 7 fevriye 2022.

Yon vizit ki fè anpil pale anpil nan vil Gonayiv kote anpil moun fè konnen se yon kalòt marasa ansyen senatè Latibonit lan Youry Latortue pran pou akèy popilasyon an bay Jovenel Moïse la.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …