MWEN PAP FETE MANMAN DÈNYE DIMANCH MWA ME.

Depim leve mwen jwenn yon moun ki renmenm san kondisyon, li banm tout sal kapab san li pa plenyen. Pou li mwen reprezante tout sa ki bon, tout sa ki bèl, sa ki santi bon, sa tout moun ta remnen. Si jodi a li machann chabon, li machann fritay, machann dlo, machann manje se poum ka kanpe drèt demen poum pale, gade moun nan je, pa pliye devan pèsonn.

7

 

Pa janm gen yon moun ki enpòtan nan vim pase w, souvan mwen konn pale mal avèw, meprizew, rache kèw ak sa map di, ak sa map fè menw pa janm lagem, ou pito soufri an silans, ou sitirem, yo relew sitirèz. kiyès ki t ap fè sa pou mwen ? sof oumenm. Si pou lavi m grandi, mwen pran laj, pou ou mwen toujou yon bebe saj, menm si mwen grandi pou ou mwen poko janm ap mi. Nan jew map rete yon timoun ki bezwen swen, tandrès, karès ak anpil lanmou.

Yon moun tankouw merite yon kantite lanmou ki plis pase zetwal ki dekore syèl la, plis pase chak fraz nan tout pwezi lanmou sou latè. Anndan fwayew pa gen pi enpòtan pasew, anndan fanmiw pa gen plis pasew, anndan sosyete a menm yo relew poto mitan, kidonk pilye ki kenbe kay la, ki pote souf, ki bay lavi.  Ou mare senti w devan tout tanpèt lavi pou w keyi lespwa sou pye pou solèy leve sou figi k ap senyen, ou pote m sou do pou w travèse zenglen boutèy pandan w san pantouf, ou sèl moun sou tè sa ki dakò bat lavi w pou kè m kontinye bat, ou pa gen parèy.

Pyès moun, wi pèsonn pa vin di m ki jou pou m fete w, ki jou pou m onore w, ba w tout lanmou ak afeksyon w merite, pou mwen ou pa gen pri. Kidonk, pa vin mande m pou m fete manman m dènye dimanch mwa me, pa vin mande m pou onore manman m dènye dimanch mwa me, pa vin mande m pou m bay manman m kado dènye dimanch mwa me. Manman m se chak jou ki fè jou li dwe jwenn lanmou nan kè m pou kajole l, di l mèsi paske l te pote m pandan 9 mwa, banm tete, pwoteje m, edike pou m sa m ye  jounen jodi a.

Depi nou piti nou konnen ann Ayiti se dènye dimanch mwa me yo selebre travay, kouraj, sakrifis tout manman, men ann selebre yo chak jou nan chak ti jès, chak ti koze, chak ti souri. Ann fè konnen yo enpòtan, ann fè yo konnen pa gen pase yo, ann soutni yo, ann rann yo tout sa yo te prije pou nou menm si nou p ap janm kapab vrèman. Ann fete yo, renmen yo chak jou solèy bannou randevou.

MED
dorvelus812@hotmail.com
(509) 40275317

 

Foto: Senego.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

AYITI/KRIZ: NAN MACHE FLANNEN GARRY CONILLE PÈDI WOUT LI.

Pandan sityasyon an depase konplike pou popilasyon an, yo pa ka voye pitit yo lekòl, …