AYITI/EVAZYON: GWO DEBLOZAY PETE NAN PRIZON SIVIL KWADÈBOUKÈ A, ANPIL PRIZONYE MET VAN ZÈL YO.

Nan prizon sivil kwadèboukè a anpil prizonye sove jedi 25 fevriye 2021 an. Anpil kout zam t ap chante ant 12è ak 1è nan lokal prizon an daprè yon sous nou ka fè konfyans. Nan moman an nap ekri a, gen yon pakèt prizonye ki lage nan lari a, pèsonn pa konn kote yo ye.

Nap raple, ansyen chèf gang ki tap fè sa li pito nan vilajdedye, Anel Joseph se nan prizon sa li ye. Pou kounya, poko gen okenn enfòmasyon ki konfime si li nan prizon toujou osnon si li sove.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …