AYITI/KONFERANS DE PRÈS: APRE VENNKATRÈ OTORITE YO BAY KANTITE PRIZONYE KI TE GEN NAN PRIZON SIVIL KWADÈBOUKÈ A EPI KONBYEN KI RETE APRE DEBLOZAY LA.

Nan yon konferans pou Laprès sekretè Leta kominikasyon an, Frantz Exantus bay jounen 26 Fevriye 2021 an, li fè konnen prizon sivil kwadèboukè a, avan deblozay la te pete yè ladann, te gen 1542 prizonye men nan dekont yo fè maten vandredi 26 fevriye an yo jwenn 1125.

Pi lwen, ansyen responsab kominikasyon nan primati a, Frantz Exantus, nan menm entèvasyon sila a konfime Lapolis mete men nan pat kasav 60 prizonye ki t ap tante chape poul yo.

N ap raple ansyen chèf gang vilaj de dye a, Anel Joseph, ki te nan prizonye ki te sove yo jwenn lanmò l jodi a nan twoke kòn li t ap fèt ak Lapolis nan Lestè, depatman Latibonit.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …