Endividi ak zam asasine ansyen kòdonatè kominal nan pati politik pèp kap lite an Gary Clermont nan rue Pave nan sant vil Pòtoptens lan samdi 27 fevriye 2021 an selon yon responsab òganizasyon an.
Cary Clermont tap soti pran yon lajan labank aprè li pran nan machin li pou li ale epi bandi ak zam yo touye li ak 2 bal nan tèt bò 3h nan aprè midi nan rue Pave.
Viktim nan pa t vle koube anba lòd bandi yo, sa ki ta pral lakoz yo tire l epi yo ale ak lajan li te sot pran an lablank lan.
Responsab òganizasyon an Edgard Leblanc Fils deklare li salye memwa viktim nan epi li ap gade yon souvni jèn manb OPL Lan ki te byen janti.
Angeline Michel