LEMOND /POLITIK:DEZYÈM FWA NAN ISTWA YON ANSYEN PREZIDAN PEYI LAFRANS KONDANE APRÈ SENKYÈM PREZIDAN REPIBLIK FRANSÈ AN

Lajistis Fransè kondane ansyen prezidan Nicolas Sarkozy, pou pase 3 lane nan prizon pou zak koripsyon li te fè pandan gouvènay peyi lafrans.

Anfen, Aprè 2 mwa pwosè nan kad dosye « apèl telefòn « tribinal nan vil pari ki t ap tande dosye a nan kad vèdik li maten lendi 1er mas 2021 an, jwenn ansyen prezidan Fransè a koupab nan zak koripsyon epi kondanel pou 3 lane nan prizon.

Prezidan Nicolas Sarkozy, vini dezyèm Ansyen prezidan Fransè ki kondane aprè ansyen prezidan senkyèm (5èm)repiblik fransè Jacques Chirac.

N’ap siyale malgre kondanasyon Nicolas Sarkozy, lajistis Fransè ap gen pou tande li 17 mas 2021 nan dosye « Bygmalion » ki gen pou wè ak finansman dèyè do lalwa kanpay elektoral li nan lane 2012.

Dieuva Occidor.

Kredi foto: LCI

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …