AYITI/KIDNAPIN : ENDIVIDI MAL ENTANSYONE KIDNAPE MÈT PONP GAZOLIN « BONJOUR » AN NAN MARYANI

Jean Marc Mondestin ki se mèt ponp gazolin  » Bonjour » nan maryani kidnape nan lannwit dimanch 28 Fevriye a nan maryani.

Frè viktim nan ki t ap rakonte sak rive an nan yon medya nan peyi an  fè konnen se nèg ak inifòm Lapolis ki kidnape frè l la.  » Yo te nan yon machin sèvis Leta, yo te mete kagoul ».

Gwo zotobre nan tèt Leta yo toujou ap fè reyinyon pou rezoud pwoblèm kidnapin nan, men anyen poko janm fèt vrèman. Nan menm jounen an sann pa bliye nan zòn avni kristòf, nèg ak zam etenn souf doktè Ernst Paddy aprè yo t ap eseye kidnape l.

Yon jou pa panse pou pa gen yon moun yo kidnape nan peyi a. Chak jou ka yo ap ogmante.

Jackson Junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …