FOUTBÒL/ ESPANYÒL/ LIGA : GRAS AK VINICIUS JR REAL MADRID SOVE YON MATCH NIL LAKAY LI FAS AK REAL SOCIEDAD NAN KAD 25ÈM JOUNEN LIGA A !

Malgre Yon dominasyon entans de ekip Real de Madrid la nan premye mitan match la , poulen Zidane yo pat rive skore fas ak ekip Real Sociedad la .( 0-0) se skò premye mitan match foutbòl la malgre anpil enèji ki tap depanse kote Madrilène yo .

Aprè poz la , Real Sociedad te moutre l’ vini ak yon lòt filozofi , yo kreye anpil okazyon .

Nou te nan 55 minit nan match la , aryè goch ekip ekip Sociedad la Nacho Moreal te byen sèvi pa David Silva sou koulwa goch la ki santre a bou pòtan Cristiant Portu mete balon an nan filè ak tèt li .
Ekip Real Sociedad te moutre siperyorite l’ pandan l repon ak tout aso ekip Madrilène nan pandan demi è de tan .
89 ‘ Vinicius JR jwen n egalizasyon aprè anpil tantatif .

Pou rapèl ekip Real de Madrid la 3èm pozisyon ak 53 pwen ekzoko ak FC Barcelone ki li menm an 2 èm pozisyon .
Yon batay ki anonse konplike an lakou espay .

Wendy Dorcius

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …