AYITI/SEKIRITE:LAPOLIS POZE LAPAT SOU ANVIWON 56 MOUN  NAN DEPATMAN NIP LAN  PAMI YO YON EVADE NAN PRIZON SIVIL KWADÈBOUKÈ AN

La polis prezante nan jounen 2 mas 2021 an bilan operasyon yo mennen pou mwa fevriye a sou 11 komin depatman nip lan , 56 ka anrejistre pami yo 18 manda egzekite ak 38 ka flagrans.

Selon esplikasyon pòt vwa lapolis nip lan Wisnel Décembre, ki fè konnen lapolis nan depatman nip mete lapat lendi premye(1er ) mas nan kòlèt Saindonel Emanès ki se youn evade nan prizon sivil kwadèboukè a.

Ajan UDMO a, ki prezante bay laprès Milfranc Stanley alyas  » tisèk  » ,yo repwoche kòm ki patisipe nan touye polisye Jocelyn Charles ,22 novanm 2018 nan zòn savann lwès premye seksyon chalon komin Miragwàn.

Pou fini, pòt pawòl polis nip lan (PNH) Wisnel Décembre, ki ankouraje popilasyon pou yo kontinye kolabore ak lapolis pou ede yo fè yon pi bon kontwòl sekirite nan depatman .

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …