AYITI/POLITIK: » NOU KÒMANSE AP IDANTIFYE SOUS KIDNAPIN NAN » 

CSPN nan te reyini  nan jounen madi a nan lide pou te fè, jan sa  konn fèt plizyè fwa deja, yon bat bouch sou koze ensekirite ak kidnapin k ap bwase bil peyi a depi kèk tan.

« Nou kòmanse ap idantifye sous kidnapin nan », se sa touswit aprè reyinyon sila a, prezidanJovenel Moïse deklare pandan li te pran lapawòl pou li te pale ak pèp la. »

Ansyen patwon agritans lan, te pwofite okazyon sila a pou li raple mesyedam ki chwazi bandi yo se pa yon bon chwa yo fè.  » Lavi yon bandi pa dire lontan », se sa li te fè konnen.

Yon lòt kote, Jovenel Moïse mande popilasyon an pou yo kolabore ak Lapolis. Sepandan, lè chak jou se moun ak inifòm Lapolis k ap kidnape moun, èske pèp la ap an konfyans pou li toujou bay Lapolis enfòmasyon?

Jackson Junior Rinvil

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …