Mèt a panse ekip akayè a , CLIFORD THOMAS reyaji aprè mesaj adye ansyen koyekipye l’ GUERRY ROMONDT .
Sèl jwè ekip akayè ki prezan nan Yon pre seleksyon de 50 jwè nan kad kanpay eliminatwa J.O kap gen pou fèt nan ane 2021 an , CLIFORD THOMAS pibliye sou kont fesbouk li Yon mesaj kote li pwononse li sou depa gadyen 34 lane a .
« Yon gadyen , Yon lidè , Yon motivatè , Jodi a li separe ak nou . Nan non tout ekip la ,tout jwè ak tout fanatik yo, nou swete siksè san ipokrizi ak ROMONDT » se sa CLIFORD te ekri .
Se te okazyon pou li te moutre avèk gadyen an kijan lap kontan wèl kap briye nan Yon lòt ekip .
« ke w ‘ kontinye briye , nou gen anpil fyète de ou , wap rete nan lespri chak grenn jwè Akayè , chak grenn moun nan komin Akayè , ou te travay pou ekip la ak tout san w’ , tout sakrifis ou yo te ban nou fòs ak detèminasyon .
Wap rete yon eleman inoubliyab nan istwa ekip Akayè a , fòs , kouraj ak detèminasyon !» se mesaj kapitèn anblematik ekip site drapo a CLIFORD THOMAS .
Wendy Dorcius