MAJISTRA KOMIN LESTÈ A ESTIMABLE SENEQUE JWENN LIBERASYON LI DE YON KIDNAPIN SELON MÈT SAMUEL MADISTIN.

Majistra komin Lestè a Estimable Senèque retounen lakay li apre pèsòn pat gen nouvèl li depi mèkredi 23 me 2018 la.

Mèt Samuel Madistin ki tap konfime ke majistra a retounen lakay li, fè konnen se kidnape yo te kidnape majistra a nan zòn Ri Dè Mirak jou kite mèkredi 23 me 2018 la nan dezè apre midi.

Selon Mèt Samuel Madistin kò spesyalize nan la polis la BIM ki stasyone nan anba mòn kabrit jwenn majistra nan lan nwit 28 me 2018 la e remèt yo li.

Mèt la deklare ke yo gen bon jan enfòmasyon de kò bandi ki te kidnape majistra a, selon mèt la gen moun gonayiv ak moun Pòtoprens ladann, li mande pou tout moun rete tèt frèt.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …