LEMOND/POLITIK: AKIZE POU ASÈLMAN SEKSYÈL, GOUVÈNÈ ETA NOUYÒK LA ANDREW COMO, di Li PAP DEMISYONE.

Gouvènè eta nouyòk la Andrew Como, 3 fanm akize li  mèkredi 3 mas 2021 an kòm moun ki fè asèlman seksyèl sou yo .

 » mwen  pap remèt demisyon mwen nan eta nouyòk, gen yon ankèt ki louvri sou dosye akizasyon asèlman 3 fanm yo ki pote plent kont mwen yo, lajistis nan eta nouyòk deja louvri yon ankèt m ap mande nouyòkè ak nouyòkèz yo rete tann rezilta ankèt la  » deklarasyon gouvènè Andrew como.

Se pandan, pwokirè eta Nouyòk la k ap mennen ankèt sou dosye a pa bay okenn dat pou fini ak dosye 3 fanm sa yo ki pote plent pou asèlman seksyèl kont gouvènè Andrew Como.

Ansyen konseyè li, Lindsey Boylan ki gen 36 lane, te deklare nan moman li t ap travay ak li sòti 2015 pou rive 2018 , gouvènè à te pwopoze e swete Jwe ak li « strip poker » .

Ansyen kolaboratris li Charlot Bennet, ki gen 25 lane fè konnen nan lane 2020 , Andrew Como, te fèl kèk avans pandan li t ap travay.

Anna Ruch, 33 lane nan yon seremoni maryaj nan lane 2019 gouvènè a te anbrase li tankou anmourèz li san volonte li epi pibliye foto sa ki ta pral fè tout lemond .

Dieuva Occidor

Kredi foto:AFP

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …