AYITI/SEKIRITE:DIREKTÈ JENERAL LAPOLIS PRAN MEZI KONT MACHIN VIT  TENTE YO

Direktè Jeneral Lapolis la Léon Charles te bay yon  » point de presse »  Mekrèdi 3 mas 2021 an, devan kolèj Canado Ayisyen kote li anonse yon ansanm mezi wo kòmandman PNH la pran nan sousi pou goumen kont fenomèn kidnapin ki pa sispann ap bay anpil kè sote nan mitan popilasyon an.

« Kesyon vit tente, plak sèvis Leta ak plak ofisyèl, Lapolis la p ap genyen paspouki, li pral fouye tout moun », se deklarasyon sa Direktè Lapolis la te fè nan mikwo jounalis yo nan kad mezi prevantiv l ap anonse kont kidnapin nan.

Nan lide pou tabli konfyans nan mitan popilasyon an, Léon Charles mete yon nimewo kote moun yo kapab rele si yo ta gen pwòch yo kidnape. Nimewo sila a se 122.

« L ap komanse operasyonèl vandredi, popilasyon an ap kapab rele pou bann nou enfòmasyon » se sa DG a fè konnen.

Jackson Junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

« Haïti ne peut continuer d’être punie pour avoir arraché sa liberté », déclare le président brésilien Lula da Silva au Sommet Brésil-Caraïbes

Brasília, vendredi 13 juin 2025 — Lors du Sommet Brésil-Caraïbes organisé ce vendredi dans la …