AYITI /KILTI  : ANSAVO AP PARE POU FETE  300 ZAN 26 JIYÈ 2021.

Moun nan komin ansavo ap prepare yo pou fete 26 jiyè 2021 k ap vini la , 300 lane depi vil sa fonde.

Nan yon konferans pou laprès komisyon trisantenè ansavo a (KOTA), denonse move kondisyon moun nan komin ansavo ap viv pandan li pral fete 300 lane yo.

,Kòdonatè KOTA Yves Cassamajor, nan yon konferans pou laprès jounen 4 mas 2021 an, rele anmwe nan zòrèy chèf leta jovenel Moïse, pou raplel ki valè istorik vil sa genyen pou pèp ayisyen an .

Mouche Cassamajor mande ak gouvènman ayisyen ki gen nan tèt li Jouthe Joseph, pou fè entèvansyon rapid pou pèmèt ansavlè ak ansavlèz yo fete fèt sa nan kè kontan pèmèt yo Jwenn dlo pou bwè, pou rezoud pwoblèm wout , yon pak espòtif pou jèn yo, pilwen li mande ak konsèy k ap dirije bank nasyonal kredi (BNC) , pou louvri sikisal yo a.

N ap raple komin ansavo se chèf awondisman an, gen yon sipèfisi 103,23 kilomèt kare , se yon komin ki chaje ak gwo istwa dèyèl se te vil kote ansyen prezidan phillipe Sudre Dartiguevena te fèt epi mouri nan menm vil sa , komin ansavo tou genyen ladanl Soldibaril , yon vil Echo jounal ,envite tout moun lektè ak lektris li yo pou al vizite .

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …