AYITI /ENSEKIRITE : 110 MOUN KIDNAPE SÒTI MWA JANVYE AK MWA FEVRIYE 2021 DAPRÈ (CARD) .

Òganizasyon sant analiz ak rechèch dwa moun (CARD ) ,fè konnen sòti mwa janvye pou rive mwa fevriye pase a genyen 110 ka kidnapin òganizasyon an resanse.

Direktè egzekitif sant analiz ak rechèch dwa moun lan Gédéon Jean, ki entèvni maten vendredi a sou youn nan medya peyi an fè konnen yo rive kolekte enfòmasyon sa yo gras ak yon selil kont kidnapin yo te kreye pandan mwa janvye 2021 an pou te kapab analize epi konprann fenomèn lan .

Yon lòt kote, defansè dwa moun lan kritike mezi gouvènman ayisyen an pran pou detente tout vit machin yo, daprè li ki pap bay rezilta paske otorite yo konnen trè byen ki kote yo ale ak moun ki kidnape yo.

N ap fè remake, plizyè sitwayen ayisyen salye mezi detente vit machin lan yo kwè k ap bay rezilta, konsa gen lòt ki di se yon bann teyat Administrasyon Moïse Joseph ap jwe nan peyi Dayiti.

Dieuva Occidor

Kredi foto:le nouvelliste

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …