AYITI/MOBILIZASYON:MEDSEN YO NAN TÈT KOLE AK KÈK LÒT ÒGANIZASYON POPILÈ FOULE  BETON AN POU DI NON AK KIDNAPIN NAN 

Jan sa te anonse depi kèk jou nan semèn nan, medsen yo nan tèt kole ak moun opozisyon politik e moun sosyete sivil yo òganize yon mach dimanch 7 Mas 2021 an nan Pòtoprens nan lide pou te di NON ak kidnapin, ensekrite ak diktati nan peyi a.

Mach sa òganize pou di NON ak kidnapin, koze ensekirite k ap taye banda depi kèk tan anndan sosyete a. Anpil gwo pèsonalite politik nan lopozisyon an tankou : Moïse Jean Charles, Antonio cheramy ( Don kato) patisipe nan mach k ap fèt jounen dimanch lan.

Fenomèn kidnapin pa epanye pèsòn. Li rive sou tout kouch. Doktè Ernst Paddy, se non yon medsen nèg ak zam te asasinen semèn pase aprè yo t ap tante kidnape li.

Jackson Junior Rinvil

Kredi foto:ça m’intéresse

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …