LEMOND /JiSTIS : YON JIJ KOU SIPRÈM PEYI BREZIL ANILE KONDANASYON ANSYEN PREZIDAN LULA.

Jij kou siprèm Eudson Fachin, nan yon òdonans anile tout kondanasyon kont ansyen prezidan peyi Brezil Luiz Inacio Lula Dasilva, lundi 8 mas 2021 an.

Majistra wo nivo nan jistis peyi Brezil la pran desizyon sa akoz tribinal Curitiba ki nan pati sid peyi Brezil, kite kondane ansyen prezidan Lula pa te konpetan.

Jij la ki fè konnen tribinal ki te konpetan pou kondane ansyen prezidan Lula , se te tribinal federal Brasilia, pou kounye a ansyen prezidan gòch peyi Brezil lan  sòti lane 2003 pou rive 2010 ,lib pou mennen aktivite politik li nan peyi an.

Ansyen prezidan Luiz Inacio Lula Dasilva, gen 75 zan , nan lane 2018 lajistis peyi Brezil te mete li nan prizon akoz yo te repwoche li pou zak koripsyon pandan gouvènay li , li ta pral libere nan fen ane 2019.

Dieuva Occidor

Kredi foto:wikipedia

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …