AYITI/POLITIK:FÉLIX ESTHER TAMARA : »KOWÒDONATRIS REGWOUPMAN SITWAYEN MOBOLIZE POU CHANJMAN YO AP VOYE FLÈ POU EGZEKITIF LA ».

« Pèp kafou ap tann rès travay ou te pwomèt la, san nou pa bliye wout chapantye a », se konsa, nan yon konferans pou laprès li te bay jounen mekrèdi 10 Mas la, kowòdonatris RCMC a, Felix Esther Tamara, te raple minis travo piblik la, Nader Joiséus, pwomès li te fè moun kafou.

Reprezantan fanm planspa kafou a, madam Félix, te pwofite okazyon sila a pou li mande gouvènman an ak minis Nader pou fè yon jan ak blokis ki toujou gen kafou a.  » Mezanmi voye je sou wout matisan an. Matisan pa bon menm menm. Nou bezwen rale yon souf ak koze kidnapin e blokis ki toujou gen nan komin kafou a », se sa li te deklare nan mikwo laprès.

Nan entèvansyon sila a, kowòdonatris la te voye anpil flè pou egzektif la. Li fè konnen li bat bravo lankontman pou desizyon Joseph Jouthe pran pou detente vit machin yo epi li remèsye Jovenel Moïse pou santral elektrik li mete kafou a.

Yon lòt kote, madam Félix moutre li pa danse kole ak kesyon manifestasyon, peyi lòk lopozisyon politik la konn ap sipòte a. Nan sans sa, pawòl li pa depaman ak sa Jovenel Moïse konn abitye di. » Se eleksyon ki baz demokrasi, si w bezwen pran pou pouvwa se nan eleksyon pou w ale », se sa li te fè konnen.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …