Siyati yon akò koperasyon espòtif ant Ayiti ak Ajantin.

Minis ayisyen kap viv nan peyi etranje a (MHAVE) , Guy André Junior François akonpanye ak yon enpòtan delegasyon konpoze de onorab senatè, Kedlaire Augustin ak Patrice Dumont, prezidan komisyon espò yo nan sena ayisyen an, onorab depite, Caleb Desrameaux, vis prezidan chanm depite yo anplis responsab afè a.i anbasad Ayiti nan Ajantin, Doktè Guy Métayer te pran pati , madi 29 me 2018 lan nan Buenos Aires, nan Ajantin , pou siyati yon akò koperasyon espòtif ant Repiblik Dayiti ak Repiblik Ajantin nan plas minis lajenès , espò ak aksyon sivik, Régine Lamur.

Daprè titilè MHAVE
a, protokòl sa dakò vize pou pwomouvwa echanj ant atlèt 2 peyi yo. Anplis dote peyi a de enfrastrikti ak materyèl espòtif kap pèmèt popilasyon ayisyen an resevwa fòmasyon ki koresponn ak atant yo nan domèn espò. Protokòl sa pran an chaj yon ansanm aksyon de gwo chantye refondasyon sosyal ki gen plan estratejik devlopman Ayiti a, ki konfòm ak vizyon degaje administrasyon Moïse Lafontant an.

Direksyon kominikasyon MHAVE

Lisa RIDORÉ
ridorelisa10@Gmail.com
+(509)4498-77-60

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …