Apre nouvèl lanmò polisye Georges Renoit Vivender Alexis nan vilaj de Dye jounen vandredi 12 mas 2021 an nan yon operasyon lapolis tap mennen pou kouri dèyè bandi yo, popilasyon Dèlma 32 a revòlte epi bloke wout 32 a.
Selon enfòmasyon nou rive jwenn Georges Renoit Vivender Alexis se yon polisye swat e ki abite nan zòn Delma 32, polisye a rive pèdi lavil anba katouch epi kout rach bandi vilaj de Dye, sa ki revòlte moun yo, yo pran lari boule kawotchou mete barikad pou rele anmwe pou sak pase a.