AYITI/KRIM: POU PI PITI 3 POLISYE PÈDI LAVI YO  NAN YON OPERASYON NAN VILAJ DE DYE

Nan kad operasyon lapolis ap mennen jounen Vandredi 12 Mas la nan vilaj de Dye, gen 3 polisye pou piti, daprè yon sous nou fè konfyans ki rive pèdi lavi yo.

Bandi yo sezi yon pakèt zam ak  2 cha blennde pou lapolis. Nan yon videyo k ap sikile sou rezo sosyal yo, gen polisye redaksyon jounal la wè k ap benyen nan san yo.

Annatandan reyaksyon pòt pawòl polis la sou sa k ap pase nan vilaj la, daprè anpil obsèvatè, bagay yo revòltan.

Jackson Junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …