AYITI /ENSEKIRITE : DEFÈT POLIS LA NAN VILAJ DE DYE , PREZIDAN JOVENEL MOÏSE DI LI PRAN NÒT.

Prezidan repiblik la Jovenel Moïse ,di li pran nòt aprè defèt polis nasyonal pran vandredi maten 12 mas la nan vilaj de dye, nan kad operasyon pou kontre kare chèf gang Izo ak baz li « 5 segond ».

 » jodi a nan operasyon vilaj la, gang ame yo rive touye pou pi piti 3 konpatriyòt ayisyen polisye, men vilaj la dwe preparel pou sibi konsekans yo » deklarasyon prezidan Jovenel Moïse ,ki rekonèt nèg ki gen zam nan men yo se sosyete a ki fè yo vin konsa li mande ak klas politik la pou sispann itilize jèn gason ak jèn fanm nan katye popilè yo pou fè yo goumen antre yo nan enterè politik yo.

Operasyon lapolis nan vilaj de dye 12 mas 2021, enfòmasyon yo lè se kwè gen 3 polisye mouri ak 8 lòt blese pou kounye a je brake sou enstitisyon polis la pou chif ofisyèl nan operasyon fyasko polis la nan vilaj de dye.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …