AYITI/ENSEKIRITE :ANBASAD LAFRANS CHOKE APRÈ LANMÒ 4 POLISYE YO NAN VILAJ DE DYE.

Anbasad lafrans nan peyi dayiti di yo choke anpil aprè lanmò 4 polisye yo nan vilaj de Dye vandredi 12 mas la 2021 an, twa (3) nan polisye sa yo sòti nan inite SWAT ak lòt la ki sòti nan Brigad operasyon ak entèvansyon depatmantal (BOID).

Nan yon kominike jounen samdi 13 mas la, anbasad lafrans prezante kondoleyans li bay fanmi polisye yo kite mouri nan operasyon nan vilaj de Dye a ,anbasad la ki koubel pou l salye memwa polisye sa yo ki mouri nan moman yo t ap rann sèvis ak peyi a.

Pilwen anbasad lafrans nan peyi a montre nesesite pou otorite yo aji ak plis fèmte lè yo ap deside kont gang yo ki pa pran lavi moun pou anyen, anbasad la montre nesesite pou bay enstitisyon polis la bon jan materyel ak ekipman.

Fòk nou di pandan operasyon sa zam lagè tankou: yon M50 , yon M60 rete nan vilaj la ak yon blennde pou kò SWAT .

Dieuva Occidor.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …