AYITI/ KRIM : YON PAPA PANN 2 PITIT LI ,APRÈ LI PANN TÈT PAL.

De (2) ti fi mouri pann nan lokalite » kanari » ki nan komin Tigwav. Se papa ti lèzanj sa yo ki fè aksyon an aprè zak la papa pann tèt li tou.

Sekretè biwo kòdonatè kazek zòn lan Michelle Louis , ki te gaye nouvel la fè konnen ti lèzanj sa yo gen laj 10 lane ak 8 lane , « papa te deside fè aksyon sa aprè manman timoun sa yo ki se madanm li pat deside tounen nan kay la pou vin viv an fanmi » selon esplikasyon kazek la Michelle Louis.

Pilwen. Michelle Louis , fè konnen mouche a ki fè zak la se yon chofè taxi , yo relel nan zòn lakay li »Tono ».

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …