AYITI/SEKIRITE: YON CSPN ESPESYAL FÈT NAN LANNWIT 14 MAS 2021 AN POU KA BAY POPILASYON AN SEKIRITE.

Premye minis ayisyen an Jouthe Joseph, kise chèf konsèy sekirite polis nasyonal la (CSPN) rankontre nan lannwit 14 mas 2021 an ak manm wo kòmandman polis la ak lame dayiti pou kapab rezoud pwoblèm ensekirite a .Sou kont twitè l premye minis lan deklare nou ap site » aswè a menm mwen reyini ak CSPN lan plis lame pou limyè ka fèt sou operasyon vilaj de Dye a. Se yon obligasyon pou nou rann kont sou sa kite pase a epi fikse responsabilite tout moun nan yon rapò ankèt pandan nou ap pran tout dispozisyon nou pou bay popilasyon an sekirite ».

Nou ap raple jounen samdi kite 12 mas la, chèf primati a Jouthe Joseph , te vizite baz SWAT la pou te pote solidarite bay inite sa ki gen 3 polisye ki mouri nan operasyon vilaj de Dye.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …