AYITI /ENSEKIRITE : PREZIDAN JOVENEL MOÏSE REFIZE ÈD PEYI LA RISI .

Nan yon twit jounen lendi 15 mas la prezidan repiblik la jovenel Moïse , fè konnen li sot pale pandan 2 zèd tan ak sekretè jeneral òganizasyon eta ameriken yo (OEA) Luis Almagro ,Chèf leta fè konnen dyalòg sa te fèt espesyalman sou sa k ap pase nan peyi a aprè fyasko lapolis nan vilaj de Dye 12 mas 2021 an .

Prezidan repiblik la Jovenel Moïse , nan twit li a fè konen li mande ak OEA pou bay ak lapolis la sipò teknik pou ede rezoud kriz sosyal ,politik ak ensekirite t ap taye banda nan peyi a depi byen lontan pandan li presize èd teknik sa se pou ede rezoud pwoblèm ensekirite sitou vilaj de Dye ki reprezante yon resif pou administrasyon Moïse Jouthe la .

N ap raple, depi aprè lanmò 4 polisye yo nan vilaj de Dye 12 mas la peyi la Russi te di yo prè pou pote èd yo bay peyi dayiti pou rezoud pwoblèm ensekirite a .

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …