AYITI/SEKIRITE: LAPOLIS MEN NAN MEN AK LAME NAN BATAY KONT ENSEKIRITE A.

Depi aprè echèk operasyon lapolis nan vilaj dedye a, anpil mache prese ap pran pou kwape fenomèn ensekirite a. Nan konsèy minis yo, ayè lendi 15 mas la, yon dekrè soti pou lapolis la travay men nan men ak Lame a.

Nan yon tweet li fè jounen lendi 15 mas 2021 an, Jovenel Moïse fè konnen, nan konsèy minis yo, gen yon dekrè ki pran nan objektif pou lapolis la travay men nan men ak lame a pou konbat ensekirite a.

 » Dekrè sa li pran pou otorite konpetan yo mobilize tout sipò eksteryè yo genyen pou yo kapab konkretize misyon yo », tweet ansyen patwon agritans lan, Jovenel Moïse.

Fenomèn ensekirite a ap taye banda depi kèk tan nan peyi a. Leta a toujou ap di l ap rive sou sila yo k ap simen latwoublay yo. Alòske, chak jou pi plis se makawon bagay yo ap pi makowon. Dènye bilan operasyon lapolis mennen an, daprè otorite yo, bay gen 4 polisye ki mouri.

Jackson Junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …