AYITI/MANIFESTASYON:MOUVMAN LEVE KANPE POU MANDE OTORITE KONSÈNE YO ALE DÈYÈ KADAV POLISYE YO.

Mouvman leve kanpe jounen mèkredi 17 mas 2021 an nan lide pou mande otorite yo ale dèyè kadav polisye ki te tonbe nan operasyon lapolis te mennen vilaj dedye a.

Granm bonè nan maten, gen yon pakèt katye nan rejyon metwopolitèn nan, patiklyèman dèlma 48, 34, 32 ak 31 gen anpil kawoutchou ki t ap boule. Pegivil ak jeralbatay pa t diferan.

Gwoup polisye ki regwoupe anba non  » Fantom 509″ yo, pou kounya, nan lari a pou mande gwo chabrak yo po al dèyè kadav frè polisye yo ki tonbe nan operasyon PNH la te mennen vandredi ki sot pase a nan vilaj dedye.

N ap raple, PNH la te fè konnen sou rezo sosyal yo nan kad yon operasyon espesyal li te rive rekipere cha ki te nan men bandi yo. Alòske, menm bandi sa yo kenbe kadav polisye yo.

Jackson Junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

AYITI/DINEPA: DINEPA ADRESE LI AK POPILASYON AN.

Nan yon avi ki pote dat 21 janvye 2025 « DINEPA » adrese li ak popilasyon an …