AYITI/PWOTESTASYON: YON GWOUP MANIFESTAN BOULE UNIVERSALS MOTORS, RÉGINALD BOULOS LONJE DWÈT SOU JOVENEL MOÏSE.

Ayiti, patiklyèman rejyon metwopolitèn nan konnen yon jounen mèkredi sonm ant kawotchou ki t ap boule ak polisye ki t ap manifeste pou fòse Leta al dèyè kadav polisye ki te mouri nan operasyon PNH la te mennen vilaj Dedye a.

Yon gwoup manifestan, nan mouvman polisye yo, mete dife nan Universals motors epi yo vòlè enpe machin. Nan entèvansyon li fè, patwon Universals motors la, Réginald Boulos, kwè se Jovenel Moïse ki dèyè sa ki pase jounen mèkredi 17 mas 2021 an.

Lidè MTV a, Réginald Boulos, fè konnen se Jovenel Moïse ki fè konplo pou boule epi piye Universals motors.

Ansyen sipòtè PHTK, Réginald Boulos deklare Jovenel Moïse te di l l ap fè l wè tout koulè lakansyèl avan manda l fini.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

AYITI/DINEPA: DINEPA ADRESE LI AK POPILASYON AN.

Nan yon avi ki pote dat 21 janvye 2025 « DINEPA » adrese li ak popilasyon an …