LEMOND/DÈY : PREZIDAN TANZANI AN JHONN MAGUFULI VALE BAY DÈNYE SOUF LI

Prezidan peyi Tanzani an Jhonn Magafuli , mouri mèkredi 17 mas 2021 an nan peyil ak laj 61 lane aprè plis pase 2 semèn depi li pat janm parèt sou sèn piblik akoz maladi li t ap soufri .Ansyen prezidan Jhonn Magafuli kite re eli nan mwa oktob 2020 pou yon lòt manda.

Se vis prezidant peyi Tanzani an Samia Suluhu Assan , ki konfime nouvel la fè konnen ansyen prezidan Jhonn Magafuli , te ap soufri ak yon maladi kansè depi 10 lane .Vis prezidant Samia Suluhu Assann ki anonse gouvènman Tanzani deside bay 2 semèn dèy nan memwa defen prezidan Jhonn Magufuli .

N ap fè konnen ansyen preizdan Jhonn Magufuli ki mouri ak laj 61 lane te okipe pòs prezidan peyi Tanzani depi nan lane 2015 epi te repran yon lòt manda nan lane 2020. Prensipal misyon li se te batay kont koripsyon nan peyi Tanzani , kote yo te bal yon ti non ki rele  » bouldezè » .

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …