DEMISYON: MAJISTRA VIL OKAY LA GABRIEL FORTUNÉ KONFIME KE LI FÈ YON KRAZE KITE SA NAN TÈT MERI A.

Majistra vil Okay Gabriel Fortuné remèt demisyon li nan tèt meri Okay la apre plizyè mouvman manifestasyon ke popilasyon an lanse kont li depi kèk jou nan vil la.

Majistra a ki konfime demisyon an fè konnen li pran desizyon sa pou evite viktim nan kan li e nan kan moun kap konteste kont li yo, selon majisra fanmi li ap sibi anpil menas sitou pitit fi li.

Kèk tan apre odyo ki anonse demisyon majistra a, prezidan AMSUD la Fritzner Chery mande majistra a pou retounen sou desizyon li, direktè a mande minis enteryè a ak kolektivite tèritoryal la Brunet Marie Raynaldo  pou pa aksepte demisyon majistra a.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …