AYITI/POLITIK: »EKIP KI SOU POUVWA KI RESPONSAB ATAK KI FÈT NAN KONPAYI UNIVERSAL MOTORS AK AUTO-PLAZA  » DAPRÈ ÒM DAFÈ REGINALD BOULOS .

Pwopriyetè universal motors ak auto-plaza Reginald Boulos , ki responsabilize prezidan repiblik la Jovenel Moïse ki ta fè atake biznis li mèkredi 17 mas la  » se yo ki t ap fè menas sou mwen , di yo ap banm ti tap sou domen , fèm grate kòm ,yon prezidan defakto ki ap fè sitwayenl menas » deklarasyon Reginald Boulos , ki pwofite denonse pèsekisyon politik k ap fèt kont li nan peyi Dayiti .

Lidè politik mouvman twazyèm vwa ki remèsye asosiyasyon ki fè pati sektè ekonomik lan nan peyi Dayiti ak premye minis ayisyen Jouthe joseph ki te kondane zak piyaj ki fèt nan universal motors ak auto plaza.

li esplike premye minis ayisyen an te fè lapolis akonpanye machin ponpye pou t al etenn dife nan universal motors.

prezidan pati politik MTV AYITI A , kwè pa gen okenn mwayen pou reyalize eleksyon nan peyi a akoz enstabilite politik la se vre li rekonèt dwe gen pase men ki fèt nan konstitisyon an men se pa fason egzekitif la ap fel la .

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …