« SI SE TAP POU M PRAN POU AYITI LIBERE, M FÈK KARE PRAN TAP », DEKLARASYON RÉGINALD BOULOS.

Nan yon konferans pou laprès prezidan MTVayiti a bay jounen vandredi 19 mas 2021 an, li deklare si se tap pou l pran pou ayiti chanje, li fèk kare pran tap.

Deklarasyon sila a fèt 48è aprè yo fin boule ak piye Universals motors ki se biznis li. Daprè Reginald Boulos, administrasyon an plas la gen dwèt li nan tranpe nan sa ki rive a.

 » Pwoblèm nan se pa Boulos, pèp ayisyen an pa gen anyen avèk nou. Pwoblèm nan se kout maltaye yo ap fè pou yo kenbe pouvwa ak fo kat dèmalòg, referandòm ak chanje konstitisyon », se konsa Réginald Boulos te kontinye nan sa l t ap di a.

Lidè MTVayiti a, pi lwen, fè konnen gen yon gwoup mafya dòmi pòv leve rich ki pa envesti menm nan yon moulen manba nan peyi a se sa k fè yo toujou vle boule biznis moun.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …