AYITI /SANTE : GOUVÈNMAN AYISYEN AN VALIDE VAKSEN KOWONAVIRIS NAN PEYI DAYITI.

Gouvènman ayisyen ki gen nan tèt li premye minis Jouthe Joseph, nan yon arete ki sòti 17 mas la nan jounal ofisyèl peyi Dayiti  » Le Moniteur » otorize pou rantre vaksen kont maladi kowonaviris la nan peyi Dayiti .

Selon arete a desizyon sa te pran nan konsèy minis yo nan dat 16 mas 2021 an, ki bay dwa pou entwodui maladi kowonaviris la nan peyi an. Arete 16 mas la nan atik premye li montre nesesite pou yo entwodwi vaksen kont maladi kowonaviris la .

Pou fini, nan yon kominike ministè sante piblik ak popilasyon (MSPP), fè konnen pran vaksen an pa yon obligasyon tout moun ki vle pran vaksen kont maladi kowonaviris ap siyen yon fòmilè ak ministè sante piblik ak popilasyon nan peyi Dayiti.

Dieuva Occidor

Kredi foto:lemonde .fr

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …