*AYITI/FOUTBÒL : SELEKSYON NASYONAL LA PÈDI 3-0 DEVAN HONDURAS

Dènye faz eliminatwa J.O 2020, seleksyon nasyonal la pèdi 3-0 nan yon match li jwe nan jounen vandredi a kont ekip Honduras la.

Yon seleksyon nasyonal ki pa t bon ditou nan premye mitan match la sitou paske, fot preprasyon kote dirijan yo, Ayiti te kòmanse match la ak 10 jwè. Daprè enfòmasyon redaksyon jounal la dispoze, jwè ayisyen yo pa t rive nan lè yo te dwe rive pou yo te ka gentan fè tès Covid la pou yo te jwenn rezilta a 24è anvan match la koumanse.

Pou anpil moun ki konesè nan jwèt la, yo fè konnen se ta sa ki ta kondisyone vye match AYITI fè devan ekip Honduras la.

Jackson Junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …