Leta ayisyen bay dizon l pou vaksen kont maladi kovid-19 la antre nan peyi a, yon desizyon tèt anba daprè anpil moun.
Lidè pitit Dessalines lan, Moïse Jean Charles kritize desizyon Leta ayisyen pran pou otorize vaksen anti kovid la antre nan peyi a. » Otorizasyon Leta Ayisyen bay pou vaksen Anti covid la antre an Ayiti se yon desizyon iresponsab », daprè ansyen senatè Moïse Jean Charles.
Pou lidè pitit Dessalines lan, antre vaksen Anti Covid la nan peyi a pa jistifye paske pa gen volim moun malad menm jan sa ye nan lòt peyi.
N ap raple, 19 mas ki sot pase a fè yon lane depi, ofisyèlman, Leta ayisyen te deklare 2 premye ka Kovid-19 nan peyi a.
Jackson junior Rinvil