AYITI/POLITIK: PATI POLITIK PANSPA FÈ LANSEMAN OFISYÈL LI NAN VIL JAKMÈL.

Aprè rankont ak fomasyon kifet nan tout komin ak depatman nan peyi a direktwa pati politik PLANSPA fè lansman pati a ofisyèlman nan Jakmel, depatman Sidès, vandredi 19 mas 2021 an, an prezans, Epouz prezidan pati a , Ansyèn minis kondisyon fanm lan ,madam Marie Yanick Mezile, DG OAVCT a, ansyen palmantè manb pati a, lidè kominotè, manb pati Konbit Nasyonal ( KONA) ki nan tèt li senatè Joseph Lambert nan sidès, reprezantan kodinasyon PLANSPA ak delegasyon ki soti nan tout depatman andan peyi a poun site sa yo selman.

Lidè pati a, pwofesè Dieudonné Lherisson, nan diskou li pwononse nan okazyon an fè konnen fok gen yon lot Leta sèvitè kap pran anchaj revandikasyon tout kouch nan sosyete a. Yon leta kap chita sou Jistis sosyal, ensklizyon, devlopman, edikasyon, agrikilti elatrye.

PLANSPA ap pwone ekilib politik ki vle montre tout moun ladanl nan Linyon ak tet ansanm kom vre Asosye poun sove peyi a, selon
Pwofesè Lhérisson ki kritike Leta ayisyen ki, depi lontan, pa janm sispann vyole dwa pèp la nan pa ba l posibilite pou l jwenn bon ledikasyon ak laswenyaj.

« Fòk sa chanje. Pou l chanje se kounya. Chanjman n ap pale a pou l fèt dwe gen yon Leta responsab nan tèt peyi a », se deklarasyon prezidan pati a,Dieudonné Lherisson.

Ansyen kandida pou pòs depite nan komin Marigo a, nan sans sa, kwè PLANSPA se yon pati politik k ap fè sa lot yo pat fè a. Nou se estrikti politik ki te manke pou konstwi yon Leta modèn responsab », se sa li fè konnen.

Prezidan pati PLANSPA a, mesye Dieudonné Lherisson, ouvè men l pou l resevwa tout moun ki vle rejwenn pati a ki pataje menm idewoloji ak filozofi pati a.

Echo Jounal

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …