Mèt Jean Fritz Magny ki se avoka SPNH17 la jwenn arestasyon l jounen lendi 22 mas la nan DDO daprè kòdonatè jeneral SPNH 17 la, Jean Elder Lundi.
« Li ta pral notifye Lapolis pou yon sit-in SPNH 17 la ap gen pou fè jounen madi 23 mas 2021 an », deklarasyon kòdonatè.
Kòdonatè a ki t ap entèvni sou yon radyo nan kapital la, fè konnen yo ale ak mèt Jean Fritz Magny nan DCPJ.
N ap raple, jounen lendi 22 mas la te gen anpil lèsefrape sou dèlma a ant polisye « Fantom 509 » yo ak lòt polisye ki lakoz yon polisye mouri ak youn ki blese nan pye ak yon bal.
Jackson junior Rinvil