AYITI/ KRIM: YON FANM MOURI RACHE AK MANCHÈT NAN KOMIN TIRIVYÈ NIP .

Delphine Vilson , se non yon madanm 62 lane ki mouri rache ak kout manchèt nan lannwit 21 pou louvri 22 mas la nan lokalite Bondo, ki nan katriyèm seksyon Bezin Komin Tirivyè nip .

 » se pandan jounen lendi 22 mas la yo pat remake prezans madanm lan , epi pandan yon bon moman nan jounen an yo wè pòt kay la rete tou fèmen yo fè jefò lè yo ouvril yo jwenn madanm lan ap benyen nan san li  » esplikasyon yon temwen nan zòn lan .

Sou bò pa li , kòdonatè konsèy administrasyon seksyon kominal Bezin an , Jeannot Ricot , fè konnen aksyon sa yo pa konn fèt souvan nan seksyon li mande ak otorite lapolis ak lajistis pou louvri yon ankèt sou krim sa ki fèt nan lokalite Bondo .

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …