AYITI/ JISTIS : AVOKA SPNH 17 YO DENONSE AVI RECHÈCH LAJISTIS METE DÈYÈ MANM SENDIKA SPNH 17 LA .

Avoka SPNH17 yo , mèt Andre Michel ak Mèt Jean Fritz Many, denonse avi rechèch pakè pòtoprens mete dèyè plizyè kòdonatè ak sekretè sendika polis nasyonal la Jean Elder Lundi ak Guerbi Geffrad. Mèt Andre Michel ak Jean Fritz Many, nan deklarasyon yo fè konnen avi rechèch pakè pòtoprens mete dèyè manm sendika SPNH17 la ilegal kòm esplikasyon òm de lwa yo ale pilwen pou di sendikalis sa yo pa fè okenn krim .

Yon lòt bò ,pòt pawòl SPNH17 la Domond Sainncyr, kritike fason wo kòmandman polis la ap fè chas dèyè sendikalis ki nan sendika polis nasyonal la, pandan li bay garanti manm SPNH17 la pap fè bak nan batay y ap mennen nan sendika a.

Fòk nou di, ayè madi 23 mas 2020 an nan la jounen plizyè dizèn manm nan popilasyon an te òganize yon sit-in devan lokal SPNH17 la , pou pote solidarite bay manm sendika .

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …