AYITI /JISTIS : KOMISYON JISTIS AK LAPÈ RELE ANMWE SEKOU POU MOVE KONDISYON DETNI YO NAN PRIZON PEYI DAYITI.

Komisyon espikopal jistis ak lapè ki gen sig li nan lang fransè » CJLAP » nan yon nòt yo mete deyò sou sitiyasyon kondisyon lavi moun nan prizon yo nan peyi a ki pa bon ditou daprè òganizasyon dwa moun lan .

Nan rapò sa Komisyon jistis ak lapè mete deyò a fè konnen nan fen ane 2020 an te gen 11 mil moun nan prizon yo men, nan yon peryòd 3 mwa sòti mwa janvye pou rive mwa mas la li pase ak 12 mil moun ki nan espas kaseral yo .

Direktris egzekitif CJILAP la Joslin Colas Noël, ki plenyen akoz sitiyasyon sa mande ak otorite yo nan pouvwa jidisyè a pou pèmèt gen odyans ak asiz ki reyalize yon ladrès pou yo redwi kantite moun ki nan detansyon prevantiv pwolonje nan prizon yo .

Komisyon jistis ak lapè atire atansyon otorite yo sou move kondisyon moun ap viv nan prizon yo ki pa respekte diyite ak dwa moun e raple ak leta ansanm konvansyon yo ratifye ki gen pou wè ak respè diyite moun .

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …