ENSEKIRITE: 5 MOUN PÈDI LAVI YO ANBA BAL NÈG SOU MOTO NAN KOMIN KAFOU.

Senk (5) jèn gason mouri yèswa anba bal nèg sou moto nan komin Kafou.

Selon enfo nou rive jwenn 2 nèg mouri nan zòn Waney 93 devan klèb Full Moon, yon lòt mouri nan Brochèt 97 nan stasyon moto yo li ta resevwa li menm sis (6) bal nan zòn Ri Monte-Carl, yon lòt mouri ak de (2) pyel mare nan zòn Akachon 32 bò lanmè a epi yon lòt nan zòn la Pisina.

Selon kèk moun ki pat vle non yo site fè konnen se ta yon regleman de kont  ki ta lakoz krim sa yo e se nèg sou moto ki fè yo.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …