AYITI/SEKIRITE: ANSYEN PÒT PAWÒL SPNH 17 LA, ABELSON GROS-NÈGRES TRANSFERE NAN PENITANSYE NASYONAL.

Komisè gouvènman pòtoprens lan mèt Bed Ford Claude, bay lòd pou transfere nan penitansye ansyen polisye Abelson Gros- negres aprè kèk èdtan yo te fin aretel samdi 27 mas 2021 an.

Ansyen polisye,ansyen pòt pawòl Sendika polis nasyonal la Dayiti a (SPNH 17) la Abelson Gros-Nèges, gen plizyè akizasyon sou dol tankou: tantativ asasina,destriksyon byen leta ak byen moun ak konplo kont leta nan lang fransè « complot contre la sûreté de l’Etat ».

N ap siyale, lapolis ak lajistis ap chache tankou chyen fou 13 polisye ak ansyen polisye yo di kise manm polis fantom 509 lan, ki responsab zak kraze brize yo .

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …